Sanble se toutbon, “Shabba” ap divòse avèk madanm li

2,276

12/03/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Hervé Anténor alyàs “Shabba”, yon atis mizikal gran Otoryan anndan peyi Dayiti deklare ke “mwen twouve mwen nan obligasyon pou enfòme piblik la ke mwen antame yon pwosesif divòs kont madanm mwen ki se Diane Claude Anténor”, se sa ke moun te kapab ap li nan yon nòt fondatè gwoup “Ekip” la mete deyò an piblik.

Tout fwà atis la pa evoke an detay rezon fondamantal pou yon parèy desizyon, sepandan li trese lèl pou li konfime ke genyen plizyè motif  dèyè yon parèy desizyon. Konsa, se yon fason pou istwà madanm ak mouche ke li ladan l lan pa fini istorikman tris e se egalman pou byen timoun yo tou, dapwè Shabba ki tap depoze.

Ansyen chantè gwoup mizikal Djakout # 1 an, mande piblik la pou ede li jere vi pwive li nan yon parèy sitiyasyon ke li pat swete tonbe panda ke li fè depozisyon yon demand divòs lakay yon avoka.

Comments are closed.