2èm jounen grèv la pase ansilans nan komin senlwidinò; sepandan, revandikasyon yo pa chanje e tout aktivite yo te paralize nan komin nan

1,395


08/09/2022

Senlwidinò, (TRiboLAND) Kontrèman ak yè kite gen chire pit ant 2 seksyon kominal vwazen, modòd grèv la ki te lanse arive respekte nan komin Senlwidinò, jodi jedi 8 septanm 2022 a. Tout aktivite yo te prèske paralize, biznis yo pa louvre pòt yo, mache te fonksyone oralanti, transpò kòmen an pat fè santi li, sèl kèk gren motosiklèt ki tap fè ti ale vini.

Pa gen bann ki nan lari ni barikad anflame; tout senpleman kakas machin ak debri kawòtchou yè yo ki toujou drese anbandoulyè sou wout la. Popilasyon an deside manifeste pasifikman san yo pa pran lari pou evite yo pa viktim tèt yo. Yo rete solidè ak lòt komin yo pou mande desann pri gaz, aba lavi chè, revoke jij Ederne Lubin, ba yo wout Pòdepè -Ansafolè a, e finalman pou PM defakto a bay talon’l , anplis ba yo dola yo sanchanje, elatriye.

Daprè kèk manm òganizasyon nan popilasyon an, si responsab travo piblik yo ak komite siveyans kap touche kòb ameriken sou do komin nan pa antame travay yo nan jou kap vini la a, tou swit tren an ap gen pou pase sou yo. Malè avèti pa touye kokobe!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.