Pòdpè ensekirite : James Phanord voye jete tout akizasyon kita fè kwè ke li fè pati group gang 400 Mawozo.

2,646

05-16-2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon pòs Facebook kap fè laviwonn dédé pandan tout weekend lan, Marie Lourdèse Vilnéus se non moun ki akize James Phanord ki fenk rantre nan vil Pòdpè, kòm kwa li ta ka fè pati gang aktif 400 Mawozo.

Pou kòmanse, James Phanord ki estime ke li se yon viktim fas ak yon parèy akizasyon, fè konnen li fè klas 7e jiska 3e nan vil Pòdpè; swa nan kolèj Prima de l’Esprit ak Lycée Tertilien Guilbaud. Anplis, li marye nan site Kapwa Lamò a jiskaske li vin entegre l nan kondwi taksi-moto depi nan lane 2009.

Pou James Phanord, li pa rekonèt figi fiktif ki kache dèyè yon tèl pòs sadik; sepandan, li rekonèt ke l dwe Marie… 900 dola, ki petèt nan konfyolo ak yon kriminèl san fwa ni lwa pou salanbe imaj li.

Nan yon entèvyou ke li bay TRiboLAND, orijinè Jan Rabèl la, James Phanord founi anpil detay ak esplikasyon ki jistifye ke li pa genyen anyen pou wè avèk group gang sangwen ki rele 400 Mawozo a. li estime ke se fos akizasyon ak dilatwà pou sal imaj li.

Nan fouye zo nan kalalou, TRiboLAND arive verifye efektivman ke James Phanord se yon pitit natif natal Komin Jan Rabèl ki ta sanble pa danse kole ak group gang 400 Mawozo.

Comments are closed.