Aksidan sou wout Mowon-Chanbelan: Yon kamyon fè aksidan nan zòn Mòn Elyanno

10/10/2026
Grandans, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon kamyon ki t ap soti Pòtoprens fè aksidan nan zòn Mòn Elyanno, sou wout Mowon-Chanbelan. Nouvèl aksidan sa a mete moun ki te nan zòn nan sou gwo tansyon, pandan sikonstans egzak ensidan an poko disponib.
Daprè premye enfòmasyon yo, pa gen moun ki mouri nan aksidan an. Sepandan, moun ki te sou kamyon an ansanm ak lòt moun ki te sou wout la te viv yon moman gwo laperèz ak panik. Akoz difikilte ki konn genyen nan mòn sa, sitou nan moman lapli.
Sitwayen yo mande kondiktè yo pou yo plis midere lè y ap kondwi, pandan yo mande otorite yo pou pran mezi nesesè pou fè wout la ki reprezante gwo danje. Sitou, zòn lan ap resevwa anpil lapli, nan pik sezon siklonik lan.






