Posiblite pou sove nouvo pon an ki konstri sou rivyè grandans lan, pa yon senp operasyon “mete kèk kamyon ranblè”.

1,143

06-03-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) “Mete kèk kamyon ranblè” pou amelyore kondisyon pon tou nèf kap pran gagann anba sekous move tan sou Rivyè Grandans lan, se jwèt timoun, daprè majorite moun nan popilasyon an ki estime apwòch ke responsab yo itilize a, pa teknik e ni profesyonèl. Konsa, yo menm kalifye li kòm so poudraj pandan ke gro inondasyon kap baleye ranblè inacheve ke konpayi konstwiksyon EKOMA te fè a.

Revandikasyon ki sòti bò kote majorite manm nan popilasyon an nan chèf lye depatman Grandans lan jeremi kou nan kèk lot komin ,li pa profesyonèl ,ni teknik pou ke ministè travo piblik direksyon depatmantal grandans lan ap fé similak ,pandan gro lapli kap tonbe san rete sou depatman an lakoz rivyè grandans desann e pote ale ranblè ke konpayi EKOMA, Groupman Fontyè te mete nan pyé pon an.

Aprè pasaj tranbleman tè 14 Dawout 2021 an, pon Dumassais Estime kite konstri nan ane 1950 te andonmaje. Bank mondyal te mete a dispozisyon Leta ayisyen via TPTC, yon montan 3 milyon 100 mil dola ameriken pou te konstwi yon nouvo pon nan rantre vil Jeremi a.

Daprè temwayaj sèten sitwayen, se te PM Ariel Henry ki te vinn inogire pon an, jis pou te debloke sikilasyon an san ke travo gabyonaj, proteksyon bèj pon an, e masoneri yo pat janm fèt; vwala ke rivyè a desann li atake ranblè yo ki nan pye pon an. Yon sitiyasyon ki reprezante gro danje pou enfwastrikti an si tout fwa pa genyen entèvansyon rapid ki fèt pou pwoteje rès travay yo nan pon an.

Ki donk, pou anpil moun, se yon veritab maskarad responsab yo ap manniganse, nan mete kèk kamyon ranblè pandan lapli a pa sispann tonbe, se lave men siye l atè ou se bwote dlo nan panye banbou!

Comments are closed.