Bandi teworis, bwile ra pye tè Otèl Oloffson, yon patrimwànn touristik ki bay dlo nan je

342
0
Share:
TRiboLAND

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi yo ensandye yon otèl deklas jounen dimanch 6 jiyè 2025 lan nan Petyonvil. Enfòmasyon yo fè konnen, anons lan fèt aprè ke direktris jeneral konpayi Ronm Babankou an, Delphine Gardère anonse sou kont X li ke otèl Oloffson bwile ra pye tè.

Nan menm mesaj sila, direktris la akize silans ou konplisite otorite enkonpetan yo kap krate santi nan tèt peyi a. Madam Gadère, ki pat kache fwoustrasyon li, te menm arive mande jous ki bò destriksyon istwa nou an ap rive?

Otèl Oloffson, sèvi plizyè jenerasyon; se yon patrimwàn touristik ki fè onè peyi Dayiti nan nivo entènasyonal. Pou anpil kritik, se tout yon trezò memorab ak yon katafal souvni inoubliyab ki disparèt nan lafimen. “Lè yon peyi tonbe anba men dirijan gang ou vwayou e apatrid, rezilta a, pa kapab lòt bagay ke destriksyon total kapital”, daprè yon kliyan etranje ki te abitye fè ladesann nan Oloffson, sa genyen plis pase 4 deseni.

Share:

Leave a reply