Sikisal Sogebank gen difikilte teknik pou bay sèvis nan vil Pòdpè

1,125

01-03-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Jodi madi 03 janvye 2023, divès moun leve bone, pran chimen labank, alinye nan bouhara pil sou pil, pou al fè tranzaksyon. Tankou jan sa vin alamòd, plizyè enstitisyon bankè yo te gen gro difikilte pou fasilite pou bay kliyan yo sèvis.

Antouka, se ane a ki chanje, men zafè moun ak leve ant 4è jiska 5è nan maten pou al pran liy devan bank yo pa chanje. Se yon veritab sèvis lanfè sou tèt pròp lajan’w.

Pami sikisal bank yo ki nan vil Pòdpè, Sogebank pa louvri pòt li akoz difikilte teknik; yon kontrent Direktris strikti bankyè a, Martine Saintil te anonse kliyan yo jodi madi 3 desanm 2023 a vè 9:00 a.m.

Mounte kapab remake anpil foustraksyon nan mitan sitwàyen yo ki tap eksprime mekontantman yo, patikilyèman sila yo ki te leve bonè e ki tap mande eksplikasyon. Direktris la te rete sou pwoblèm teknik lan, pandan li te pwomèt yap travay pi vit ke posib pou rezoud pwoblèm lan.

Comments are closed.