Anba egzijans pakèt Okay la, tribinal Depè Okay la poze sele nan pòt antre lopital “La Place” la, jodi jedi premye jwen 2023 a.

1,050

06-01-2023

Okay, Ayiti (TRiboLAND) Nan pòt lopital la, moun te kapab remake yon nòt ki di: “Pa manyen anyen e pa touch anyen”. Anplis, genyen yon entèdiksyon depa ke otorite lajistis yo emèt kont Thony Antoine Neptune ak Daphney Lense Jean Louis ki se responsab lopital “La Place” ki te chwazi pa bay yon etidyan malad nan syans enfimyè ki rele Kénia Civil moso laswenyaj.

Civil arive mouri pou sèlman yon tik raze, 4000 goud ki te manke pou konplete yon montan 17500 good ke responsab lopital la te reklame.

Antouka, aprè yon parèy konpòtman soulve anpil endinyasyon nan sosyete ayisyèn nan, komisè gouvènman Okay la, Mèt Ronald Richmond montre ke li pap jwe ak yon parèy dosye ki men arive fèmen pòt lopital la.

Comments are closed.