Ayiti / Jistis : 2 endividi mare tankou krab kòm prezime kidnapè, nan kad yon zak kidnapping ki te fèt Delma 75

2,367

06-30-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon kidnapping ki te fèt Delma 75, 24 me 2022 a, kote 2 moun te kidnape, pami yo yon timoun 13 lane ki tapral lekòl e paran li te bay 10 000 dola ameriken ak 150 000 goud pou yo te libere aprè 8 jou nan men ravisè yo.

Emase Clerizier ak Pierre Joseph Aristor arete kòm sispèk nan zak kidnapping sila. Emase Clerizier, se te sèvant lakay moun yo te kidnape yo, li avre bay lapolis ke Pierre Joseph Aristor te pale ak li sou pwojè li genyen pou kidnape moun yo. Li tap mande li sipò pou antre nan kay la ak plis fasilite. Pierre Joseph Aristor te konn vin nan kay la, paske li te konn vann papa viktim lan zangi.

Yon lòt kote, Pierre Joseph Aristor di, Emase Joseph ak Roro se ta otè entèlèktyèl zak sa. Tou 2 moun sa yo twouve yo nan gadavi Direksyon Santral Polis Jidisyè.

Emase fè konnen li pat janm dakò antre nan konplo sa, se sak fè li pat janm di moun sa malgre yo tap fè presyon sou li. Lapolis deja mare 2 moun e yap chèche 2 lòt nan kad dosye sila.

Comments are closed.