Tigwav andèy: Ansyen batonye Rosalesse Tristant mouri maten an, nan yon lopital Pòtoprens.

976

05-29-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jiris, nòmalyen, ansyen batonye lòd Avoka nan Jiridiksyon Tigwav la, Rosalesse Tristant mouri maten lendi 29 me 2023 a, nan Lopital Bènamez, selon nouvo batonye Antony Milor ki konfime nouvèl la.

Aktyêl batonye jiridiksyon Tigwav la, Mèt Antony Milor ki reyaji swit ak depa Mèt Tristant an, fè konnen Bawo Tigwav la pran yon gwo kou, absans Mèt la pral kreye yon gwo poban vid nan bawo a, akòz plizyè pòs ke li te okipe. Mèt Tristant te ansyen batonye, ansyen konseye epi aktyèl direktè lekòl bawo elatriye…

Nap souliye, Mèt Rosalesse Tristant mouri swit ak maladi dyabèt, li te genyen 58 rekòt. Se yo gro kou pou popilasyon Tigwav la, patikilyèman pou fanmiy jiridiksyon Tigwav la.



Comments are closed.