Me ki sa TRiboLAND konnen sou “Inisyativ Pòs Polis Peyaj” Meri Pòdpè a nan Karenaj

961

10-14-2023

  • Se yon trè bèl inisyativ, me se kote ki genyen bònn gouvènans. Mesaj la bèl, men mesajè a pa kredib, malpwòp e enkonpetan.
  • Lòt antite ki kredib ki konte jwen yon parèy mouvman, chwazi fè yon move chwa nan chwazi mache ak yon Meri raketè ki finn apovwi kominn Pòdpè.
  • Apye, se non yon chofè ke ajan UDMO yo maspinen akoz li tap revandike dwa li nan moman li tap kesyon rezon sèvis peyaj la ki pa klè.
  • Majorite chofè taksimoto yo, pa sispann plenyen pou inisyativ sila, ki parèt sispèk akoz feblès kredibilite swadizan Majistra Josué Alusma, ansyen prevni Prizon vil Pòdpè a.
  • Meri Pòdpè a ki soufwi anemi kredibilite nan kominn Pòdpè, pa kapab asire yon parèy inisyativ ki parèt flou.
  • Nap raple, genyen anpil antite nan Nòdwès peyi a, patikilyèman nan Pòdpè ki pa sispann afiche apeti yo nan chèche tout filyè lajan pou arive degòje sitwayen yo, ki deja apovwi.
  • Apwè filyè tè ak kay malere yo, pwojè Mache Bonnmè, filyè gang, filyè zangi, filyè simityè, filyè teren foutbòl, koulya se filyè “Pòs Polis Peyaj” ki tan sanble tèt koupe ak yon “Pòs Polis Piyaj”.
  • Anpil kritik estime ke se yon mouvman ki pa ofwi anpil transparans; anpil residan estime se yon lòt sòlòkòtò “Mèt Dam”, ki kapab kreye anpil deblozaj ant chofè yo ki pa sispann kesyon objektif mouvman an.
  • Anpil kritik lonje dwat sou Majistra Josué Alusma ki pa kredib ase pou yon parèy mouvman. Yo estime, si li pa kapab administre ou pwòpte vil Pòdpè, se pa inisyativ wout, lanpadè ke li kapab pran.
  • Kritik yo ale pi lwen pou yo di: “Pwezans Majistra Josué Alusma nan vil Pòdpè, pa janm pote bagay pozitif, men se toujou malè pou kominn nan”.

Comments are closed.