Anseyan kap travay nan lekòl piblik yo nan Tigwav, fèmen biwo distri eskolè a.

O4 – 09 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Anseyan kap travay nan lekòl Nasyonal ak lise yo nan komin Tigwav, nan yon mouvman yo òganize jounen Jedi 09 Avril 2026 lan, fèmen pòt biwo distri eskolè Tigwav la.
Selon pwotestatè yo, objektif mouvman sila, se pou mande ministè Edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl pou respekte akò yo te siyen avèk yo nan dat 20 janvye 2025 pase a.
Anseyan ki deklare revandikasyon yo pa chanje:
1- Se ajisteman salaryal pou anseyan premye ak dezyèm sik fondamantal 83.000 goud yap reklame.
2- Nome tout anseyan kap travay san lèt nan sal klas depi plizyè lane.
3- Asirans sante pou tout anseyan.
4- Regilarizasyon tout anseyan kontraktyèl yo menm jan ak sa ki nome yo.
5- Kat debi pèsonalize 30.000 goud.
Nan sans sa a, anseyan yo deklare toutan leta Ayisyen, atravè ministè Edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl pa repon’n ak ansanm revadikasyon sa yo, yo pap rantre nan sal klas yo. Daprè sa yo presize, salè mizeraz, pwatrinen sa a, yo bayo a, pa kapab repon’n ak bezwen fanmi yo. Yo fè konnen gaz la moute, yo kwè fòk lajan anseyan yo moute tou.






