Jij depè titilè nan tribinal komin Gran-Gwav la, Mèt Vogly Louis mande CSPJ pou nome kèk jij sipleyan pou fasilite travay la.

772

05-28-2023

Gran-Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jij depè titilè nan komin Gran-Gwav, Mèt Vogly Louis nan yon entèvyou ak la près jounen jedi 25 me a, mande konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) pou nome kèk jij depè sipleyan nan tribinal la.

Majistra Vogly ki plenyen anpil akòz mankman jij depè nan tribinal la depi anviwon yon lane, genyen gro enpak sou popilasyon an tki oujou nan gwo bouch louvri avèk yo, paske yo paka jwen sèvis la nan lè yo nan nesesite pou li.

Mèt Vogly Louis ki di, se tout lajounen kou lannwit lap resevwa kout téléfòn pou al fè konsta nan vil la tankou nan seksyon kominal yo pandan’l presize pa menm gen materyèl woulan pou yo deplase; mete sou sa pa gen wout pafwa se apye ou byen sou cheval yo oblije al fè travay la.

Jij prensipal tribinal komin Gran-Gwav la, rapouswiv pou’l di, li ankouraje konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) pou fè tout sa ki nan pouvwa li pou nome omwen 2 jij nan tribinal la prese-prese,yon fason pou amelyore soufrans yo.

Li bon pou’n fè’w konnen, se sèlman 2 jij depè kap desèvi plis pase 150 mil abitan. Jij sila yo pa lòt moun sinon ke: Mèt Vogly Louis ak majistra Gaston Normil.

Comments are closed.