Ensidan regretab: yon grefye pakè tribinal Jeremi a viktim britalman anba polisyè nan imigrasyon an.

1,151

04- 11-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Jean Edonord Numa, se yon grefye nan paké tribinal premye enstans Jeremi a, ki viktim anba gro bastonnad anba men 3 bouro polisye nan moman viktim lan te akonpaye yon pwòch li nan yon randevou pou fè foto paspô.

Yon ensidan regretab sosyete a kalifye iresponsab bò kote direktè regyonal biwo imigrasyon an nan Jeremi, ki plis ap itilize lapolis la nan Jeremi pou fè kòb je fèmen sa gade dèyè nan keksyon fè paspó.

Nan san sa a majorite a nan Jeremi ou atravè depatman Grandans lan, mande direktè jeneral Imigrasyon ak emigrasyon an, enjenyè Lambert pou louvri yon ankét serye sou fonksyon biwo a nan Jeremi.



Comments are closed.