Yon jèn gason mouri nwaye nan Basen Wozo tou prè basen Dede Sapotin.

903

Senlwidinò: Yon jèn gason mouri nwaye nan basen Wozo tou prè Basen Dede Sapotin.

09-30-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon jèn gason ki pote non Twili Michel, mouri nwaye Rivyèba nan Basen Wozo touprè Basen Dede Sapotin, 3èm seksyon nan komin Senlwidinò, jounen samdi 30 septanm 2023 a.

Selon kèk temwen, se moun kap bwote planch sou rivyè a ki jwenn kote msye mouri nwaye bò basen an. Pou kèk moun depi yèswa yo te wè yon sak chabon, yon valiz ak rad li ki te sou sab rivyè a.

Jis koulya konsta legal yo nan pasaj akoz absans otorite ak fanmiy defen an ki poko vinn reklame kò san vi a.

Comments are closed.