Lapolis ak lajistis debake nan biwo imigrasyon branch Nòdwès la, jounen vandredi 26 me 2023 a.

1,242

05-27-2023

Prezans Lapolis ak lajistis blayi gwo panik ak latranblad nan mitan travayè imigrasyon yo nan vil Pòdpè.

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Ajan DCPJ yo ak ULCC ki tap siyone paraj biwo imigrasyon branch Nòdwès la depi kèk jou, deside finalman penetre espas la, pou yon ankèt apwofondi.

Ajan DCPJ yo ak ULCC yo kite akonpanye ak sibtiti komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Jeir Pierre, ki te gen avèk li, Jij Obssaint Yonel, jij nan tribinal depè Pòdpè a, pou te fè konsta eta administrasyon an.

Nan moman ajan DCPJ yo ak ULCC te reponn prezan nan ansent biwo a, enfòmasyon yo fè kwè, direktè depatmantal la, Agénor Lucalbert, te deja chape poul li, swit ak yon kout fil vonvon ke li te fin resevwa.

Toujou dapwè sa sous TRiboLAND revele, ankètè yo te reyalize yon seyans antretyen ak anviwon 3 pèsonèl nan biwo a, pami yo: Madam Georgette, yon pastè ak yon lòt anplwayè ke yo te jwenn sou plas.

Poze kesyon pou konnen, sou ki sa prezans ajan DCPJ yo ak ankètè ULCC yo debouche? Pou anpil moun ta sanble objektif ankèt la te plis fokis sou direktè enstitisyon an.

Kòm bilan, jiska prezan zewo arestasyon nan biwo imigrasyon branch Nòdwès la. Yon dosye sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ap swiv ak anpil enterè.

Comments are closed.