Mèt Elder Guillaume, se non yon nouvo Komisè Gouvènman pou pakè Pòtoprens lan.

05 -26-2023
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Mèt Elder Guillaume, se non yon nouvo Komisè gouvènman ki pral mennen tèt pakè jiridiksyon Pòtoprens.
Mèt Elder Guillaume, ranplase nan pòs sila a, ansyen Komisè Jacques Lafontant ki tap fè lapli ak bontan nan yon parèy pozisyon. Anpil moun pa ka tann pou konnen ki sa yon parèy chanjman pral pote, sitou lè moun obsève ke gouvènman PHTK sa pa janm pa fè chwa moun ki genyen apeti pou ensekirite ak kòripsyon.
Nouvo Komisè Guillaume deklare lap genyen pou prete sèman epi enstale nan semèn kap vini la a.
Nap raple, anpil sektè te leve vwa yo pou te mande ansyen Komisè Jacques Lafontant pou l demisyone nan pòs li akoz komisyon sètifikasyon an, ki pat arive sètifye li. Tout moun konnen , Jacques Lafontant ki te vle montre yon lòt fwa ankò, pozisyon sila, te rele’l chèmèt, te refize demisyone.