POTOPRENS : Sòlda salvadoryen yo pran kontwòl estad Sylvio Cator, popilasyon an salye prezans yo

55
0
Share:
TRiboLAND

11/12/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Sòlda salvadoryen ki fè pati fòs miltinasyonal k ap sipòte sekirite nan peyi d’Ayiti yo pran kontwòl estad Sylvio Cator, ki chita sou ri Oswald Durand, nan Pòtoprens, jodi jedi 12 novanm 2026 la. Operasyon sa a make yon nouvo etap nan efò pou reprann kontwòl espas estratejik gang ame yo te okipe nan kapital la. Anplis espas anndan estad la, militè yo ap asire sekirite tout perimèt gwo konplèks espòtif sa a.

Sa gen plis pase de lane depi gang ame ki sou non « Viv Ansanm » te pran kontwòl estad Sylvio Cator, youn nan pi gwo enfrastrikti espòtif peyi a. Depi lè sa a, espas la te rete anba enfliyans gwoup ame yo, sa ki te anpeche aktivite espòtif ak lòt aktivite kominotè dewoule nòmalman nan lokal la.

Pandan deplwaman militè salvadoryen yo, plizyè sitwayen te rasanble nan zòn nan pou bat bravo pou sòlda yo epi eksprime satisfaksyon yo devan travay sekirite sa yo vin reyalize an Ayiti. Reyaksyon sa yo montre espwa yon pati nan popilasyon an genyen pou otorite yo ak fòs sekirite yo kapab reprann espas piblik gang ame yo te mete anba kontwòl yo. Rete pou wè ki dispozisyon k ap pran pou konsolide sekirite nan zòn nan sou yon baz dirab.

Share:

Leave a reply