Popilasyon Nòlwizyèn nan pa sispann plenyen pou pri transpò machin nan ki kontinye ap moute balkon.

1,020

05-26-2023

Senlwidinò,Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon an nan komin Senlwidinò pa sispann plenyen pou kalvè chofè machin yo ap fè yo monte. Pri gaz la te ogmante yo te mete li 125 goud sou pri transpò a; koulya gaz la bese, yo toujou kenbe menm pri a. Konsa, sitwayen yo estime se konsyans politichyen ak richyen lakay yo pa genyen ditou pou sèvi popilasyon an.

Yon lòt kote yo kritike sendika chofè machin ki asire transpò Pòdepè-Senlwidinò-Ansafolè yo ki kite manadjè yo ap fè sa yo vle nan estasyon yo, epi ki pa fè anyen pou pri transpò a retounen nan nòmalite li.

Yon kous kite koute 75 goud pase a 200 goud sou pretèks gaz monte, jis jounen jodi a pèsòn pa janm di anyen nap bwe san pèp la. Popilasyon an ap mande yon entèvansyon minsitè afèsosyal ak sèvis transpò nan depatman Nòdwès la. Konsa, petèt yo kapab rale yon souf anba grif malfektè tout plim, tout plimay yo kap teyorize popilasyon an nan estasyon yo.

Comments are closed.