Me ki sa TRiboLAND konen de lansman pwojè ranfòseman rezo elektrik zòn metropolitan Pòtoprens la

276

09\05\2020

  • Prezidan republik la lanse seremoni travay ranfòsman rezo elektrik Pòtoprens la jodi 5 septanm 2020 an.
  • Premye Minis Joseph Jouthe ansanm avèk Minis TPTC a Joiséus Nader e anbasadè Chine Taiwan lan, Kun Wen-Jiann ki nan peyi Dayiti, san bliye responsab PNH yo pou site sa yo sèlman, yo tout te prezan!
  • Jovenel Moise remèsye kowoperasyon peyi Taiwan lan ki bay projè sa anpil jarèt.
  • Jovenel Moise deklare se kòmansman yon van nouvo pou peyi Dayiti nan nivo elektrisite pou peyi Dayiti.
  • Prezidan an deklare, se yon projè ke li mete kò avèk nanm li ladan’l depi li antre nan pouvwa a; e li menm sakrifye tèt li yon fason pou vil nan peyi a gen kouran 24/24 ak nan fanmiy yo.
  • “Mwen se moun andeyò, e anpil timoun se nan lanp tèt gridap yo fè dewa yo leswa; map di nou anverite, fòk bagay yo chanje”, daprè prezidan Jovenel ki tap depoze.
  • Selon prezidan an, genyen yon sektè kit e kanpe an kwa kont yon parèy projè.
  • Se Elektrisite Dayiti ak yon konpayi Taiwan kap asure pilotaj yon parèy projè.
  • Anbasadè Taiwan lan, Kun Wen-Jiann deklare ke projè sa pral makònen tou 2 peyi yo pandan anpil jenerasyon.
  • Daprè Alatèt EDH la, Michel Présumé, projè tou nèf sa pral pèmèt pèfòmans konpayi a amelyore avèk konstriksyon de yon liyn ot tansyon aeryèn, 4 nouvo estasyon anèks, rekonstitisyon 10 lòt estasyon anèks ak rekonstriksyon estasyon anèks ki nan Delma a.

Comments are closed.