Eske moun ka manje gro gro koulèv? Yon kesyon ke y’ap etidye nan Florid

300

12/24/20

Florid, Etazini_____(TriboLAND) Nan peyi Etazini, yon krèy gro tonton koulèv piton pa sispan anvayi Sid Florid, notamman nan “Everglades” la. Se yon sitiyasyon ki tèlman kòmanse ap bay problèm, otorite lokal yo oblije bay rezidan yo otorizasyon pou touye gro tonton sèpan sa yo avèk mwens sovajri posib, daprè kèk sous medyatik.

Anpil chasè konmanse mete foto koulèv ke yo kenbe sou rezo sosyàl yo e lòt kòmanse menm manje nan yo. Gro kesyon an; eske li danjere pou moun manje koulèv? Anpil siyantifik deja panche sou yon parèy kesyon e etid yo ap vanse.

Florida Fish and Wildlife Conservation Commission (FWC), yon strikti ki responsab pou founi je kade ak prezève vi sovaj Florid la, antrepran yon seri diskisyon avèk depatman sante pou konnen si kantite mèkuri ki nan vyann koulèv ki pa genyen pwazon yo pa prezante yon danje pou moun kap manje yo.

“Etid sou kantite mèkuri yo apènn ap demare,” daprè sa Susan Neel ki se rapòtè FWC deklare sou CNN. “Nou kolekte anpil echantiyon, men kovid-19 la fè nou kanpe nan wout.”

Objektif prensipal FWC se “bay konsèy sou konsomasyon gro tonton koulèv piton yo nan Sid Florid ak enfòme pi byen piblik la,” daprè Susan Neel.

Si done siyantifik yo arrive favoràb, rezidan nan Florid pral genyen otorizasyon pou yo konsome koulèv piton e sa pral pèmèt yo ede regile popilasyon an.

Comments are closed.