Bandi Savyen nan komin Ti Rivyè Latibonit, okipe komisarya a.

954

05-26-2023


Tirivyè Latibonit, Ayiti ___(TRiboLAND) Bandi Savyen nan komin Ti Rivyè Latibonit okipe komisarya a, nan moman sa a, ki se vandredi 26 me 2023 a.

Sitiyasyon sa a, lakoz tout polisye yo kouri kite komisarya a. Pou koulya, komisarya Ti Rivyè Latibonit la vid e lage san yon grenn polisye; se lyanj bandi yo ap fè nan yon video yo lage sou rezo sosyo yo.

Yon dosye TRiboLAND media ap swiv yon fason pou enfòme’w sou dènyè evolisyon enfòmasyon sou aktivite gang yo nan depatman Latibonit lan.

Comments are closed.