Maladi kolera ap fè dapiyanp sou popilasyon Nòdès la

950

05-25-2023

Fòlibète, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon kominike direksyon depatmantal sante piblik Nòdès la mete deyò jounen 25 me 2023 a fè konnen deja gen 405 ka kolera nan rejyon an.

9 sou 14 komin depatman an ap pran gagann ak maladi kolera a se : Kapotiy, Fòlibète, Karis, Monben Krochi, Montòganize, Wanament, Opech, Twou-Dinò, ak Valyè. Yon total 193 fanm ak 212 gason ki deja fè maladi kolera a, 23 moun deja fè vwèl pou peyi tèt san chapo.

Direksyon sanitè Nòdès la mande popilasyon an swiv konsèy otorite yo, toujou lave men ak savon, lave fwi ak legim yo ak dlo trete, byen kwit manje yo, byen trete dlo nap bwè yo.

Nap raple, depi w santi w gen vromisman ak dyare pa rete chita lakay yo, men pran chemen lopital.



Comments are closed.