Vag vyolans yo ap rapouswiv pi rèd nan Nòdwès: Olga Léveillé mouri ponyàde

Pòdpè_____(TRiboLAND) Vak vyolans yo pa pou laplibèl nan depatman Nòdwès pandan kòmansman lane 20 21 an. Apwè endividi yo pa rive idantifye touye ak kout manchèt ansuit lage nan yon twou twalèt madam Kerreleine Julien 48, lane yè lendi 4 janvye 2021 an nan 8e seksyon kominal Pòdpè, Bèdèmoustik, lokalite Dlo Sale; yè lendi ki 4 janv 2021, nan lokalite Mòn Kayo, 6e Seksyon kominal Pòdepè, yo dekouvri kadav yon jenn dàm, St Anne Pierre Louis mouri tèt koupe ak yon mesye ki pote non Willy ki mouri anba koutwòch ak kout boutèy, selon deklarasyon jij Paul Blanc.
Jounen madi 5 Janv. 2021 saa, Jij sipleyan Tribinal depè Pòdpè a, Me Paul Blanc, te oblije rann li nan mòg Lopital Imakile Konsepsyon vil Pòdepè a, pou l al konstate Olga Léveillé, yon jenn gason 25 lane, ki mouri anba kout ponya yon group bandi nan lokalite Pilette, 7e Seksyon kominal vil Pòdepè nan dat 3l desanm 2020 pou louvri 1e janvye 2021.

Anpil moun ki anba laperèz deklare ke se depi nan kòmans man ane 2021 machin krim nan, nan Nòdwès app ran yon vitès ke moun pa janm wè anba je swadizan otorite demoutab ki pa menm genyen abilite pou mete yon seri sèvis sosyàl ou program prevansyon kriminèl nan radyo, nan televizyon e menm atravè yon seri groupman kominotè nan kolektivite yo.
Konsa, anpil moun ta renmen konnen ki plan sekirite nouvo direktè depatmantal polis la, David Compère genyen pou Depatman Nòdwès la ki deja enfekte ak krim sanglan.
Saint Jean Wiskis






