Divès òganizasyon manifeste nan Nòdwès pou reklame amelyorasyon sou twonson wout Pòdpè-Janrabèl la.

2,699

02/25/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Divès òganizasyon nan vil Pòdpè ak nan Janrabèl tankou : mouvman SOS Nòdwes, FÒS NOU, e FAADNO leve kanpe byen bonè maten vandredi 25 fevriye 2021 an nan vil Pòdpè, pou mande ak gouvènman Ariel Henry ba yo twonson wout Pòdpè-Janrabèl la.

Yon manifestasyon kite kòmanse sou Boulva Twarivyè a, pase nan ri dikè pou al bout douvan biwo travo piblik branch nòdwès la. Nan moman pakou a, yon latriye pannkat ki charye divès revandikasyon ak anpil gwo pawòl piman bouk tankou : “militan pa pè ni Broposco ni lis makrèl”, “nou bouke vwayaje tankou bèf”, “nou bezwen rapò sou chantye nòdwes yo”, “sispann fè politik ak ti zanmi” poun site sa yo sèlman.

Manifestan yo nan moman pakou a, pat mete dlo nan bouch yo pou denonse gouvènman Ariel Henry a ki dapwè yo ki pa fè ni cho ni fret nan kontinye seri travay prezidan defen an, Jovenel Moïse te deja kòmanse.

Nan sans sa a, manifestan yo fè konnen mouvman manifestasyon jounen vandredi 25 fevriye sa a se trokèt la, chay la dèyè e yo sèmante tout lè fwa gouvènman Ariel Henry a pa soulaje mizè abitan yo sou twonson wout sila yo pap bay legen nan lari a.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.