Nan vann medikaman nan plas lòt, kèk famasi nan peyi Dayiti riske mete lavi moun an danje

1,053

05-25-2023

Ayiti____(TriboLAND) Nan sa ki gen pou wè ak vann medikaman sou tè peyi Dayiti, lekòl lage. Anpil famasi pran malè plezi pou yo vann kliyan yo medikaman nan plas lòt, sitou lè yo pa gen sa kliyan mande a. Doktè Célestin Bristingson mande tout ayisyen pridan ak zak mechanste sa lè yo al achte medikaman.

Yon medsen konn preskri yon pasyan “buscopan” yo ba li “paracetamol”; yo konn preskri paysan an “galocur” yo ba li “calamine” nan famasi yo. Konsa, zak mechanste sa yo toujou fèt sou baz moun kap vann medikaman yo di “se menm bagay la”. Yon eksperyans Dr Célestin viv ak 2 na wè li.

Vann medikaman nan peyia, se yon bagay ki fèt san kontwòl. Majorite moun kap vann medikaman yo, pa famasyen, e anpil fwa se charlatan degize ki genyen tivaliz anba bwa e ki sou woulman! Moun kap vann medikaman yo tèlman sou biznis, yo pa gen kè pou di kliyan yo pa gen tèl medikaman paske se fè lajan ase ki enterese yo.

Sante se yon richès, anpil moun konn ap chèche ti moso sante nan peyi-sit divès malfwa ki nan domèn sila lakoz anpil moun mache pòs yo e kite latè. Tout moun kap achte medikaman dwe fè pridans pandan yap byen verifye oubyen bay yon moun ki konnen ede yo verifye kalite medikaman yo.


Comments are closed.