Lapolis ak lajistis poze sele sou lokal administrasyon Sèptantriyonal la nan vil Kap-Ayisyen.

1,375

Konfli imobilye lakòz gwo van divisyon ap soufle nan mitan Okès ki pote non Septantriyonal la, e menm lakòz yo resevwa yon pataswèl moralman nan vil Okap-Ayisyen.

05-25-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak jij depè Samuel Phelipaux nan vil Okap, debake jounen mèkredi 24 me 2023 a, nan lokal “Feux Vert Night Club” ki loje Adm Okès Sèptantriyonal, ke tout moun konnen kòm yon patrimwan kiltirèl ; poze sele nan baryè ak nan gran pòt lokal sila.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou fè kwè, ta sanble administrasyon òkès la pa peye Direksyon Jeneral Enpo taks; pou lòt, se ta konfli imobilye ki eklate nan mitan mizisyen yo, kita lakòz Okès Septantriyonal ta ka resevwa gwo kalòt moral sa.

Imaj yo ki vrèman parèt lèd epi chokan sou rezo sosyal yo, lakòz gwo pale anpil nan mitan patizan ak senpatizan Djaz konpa wouzi a, kote ke anpil moun kritike mesye yo ki kite bagay la rive nan nivo sa a.




Comments are closed.