Gouvènman defakto Ariel Henry : yon bilan merilan yon lane ki bay repiyans!

1,911

Anviwon yon lane depi premye minis defakto Ariel HENRY a, ak alye li yo ap dirije nasyon ayisyèn nan, kisa ke yo rive reyalize pandan peryòd tan sa a?

07-21-2022

Bilan rès gouvènman moun tèt San cheve yo se zéro rèd mare. Pratikman, pa genyen anyen ki fèt pou amelyore kondisyon la vi pèp ayisyèn an, se yon lane desepsyon ak la wont pou pèp ayisyen an, ni nan zafè reprezantasyon diplomatik ni nan kad gouvènans. Yon lane ki te predomine ak zak ensekirite e kidnapping; san konte yon katafal moun kimouri. Lamizè grangou, chomaj, blakawout, kòripsyon e latriye, tout sa antre nan kotidyen ayisyen an.

Anpil repiyans tap taye banda nan enstitisyon repiblikèn nou yo tankou: kòwonpi , koreptè, imoralite, kèk moun vinn pi rich nan gouvènmen defakto Ariel HENRY a odetwiman nasyon ayisyèn nan. E nou te kapab ajoute egalman yon lis divès konpatriyòt ayisyen ekspilse nan Sendomeng ak peyi Blan Meriken ak divès lòt; se deklarasyon divès sitwayen nan depatman nòdwès la, ki tap prononse yo sou bilan yon lane depi PM defakto a ap dirije peyi a ak alye li yo.

Sitwayen yo fè konnen, se ak anpil amètim, tristès ak chagren, 2 men nan tèt yap konstate kòman swadizan otorite yo ap mennen bak peyi a. Yo lonje dwèt jouda yo sou Premye Minis defakto a, Ariel HENRY ki genyen non li ki tranpe kòm sispèk nan asasina ansyen chèf lLETA peyi a, Jovenel Moïse; ak ekip li yo, yo di ki ensansib, enkonpetan ki pase de prezantasyon nan kontinye efondre peyi a. Gouvènman PHTK Ariel la, se yon veritab eleman neglijab, nul, anbarasman nasyonal ou entènasyonal ki kanpe kont pèp ayisyen an. Li genyen plizyè minis ki ta enplike nan zak kidnapping!

Toutfwa, sitwayen yo deklare pa genyen okenn otorite sankoutya, san wont, imoral, jwisè kòwonpi kòriptè, bandi legal kriminèl kap fè anyen serye pou pèp ayisyen an. Pou moun sa yo, Ayiti merite refèt yon dezyèm fwa, sa vle di yon lòt endepandans posib pou retire peyi a anba grif kanibal ekonomik ak politik kap souse san popilasyon an.

Nan sans sa a, lidè òganizasyon OPDKAH a, Emmanuel Frito, mande ak popilasyon an pran desten li an men, atravè yon seri mobilizasyon san pran souf yon fason pou baleye ekip san koutcha ak kriminèl moun tèt san cheve yo ki depase antisosyàl.

Yon lòt Ayiti posib !
Viv Ayiti !

Comments are closed.