Pa gen pi bon zouti ke Mouvman “Bwa Kale”; pou dechouke bandi sangwen ou kriminèl yo nan peyi a.

773

05-25-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès manm nan popilasyon tigwavyèn nan, mande ayisyèn ak ayisyen yo nan tout 4 kwen peyi a, pou pa fè bak ak mouvman “Bwa Kale” a, yo kwè se yon mouvman kap ede yo dechouke bandi sangwen ak malpwòp ki tabli laterè ak ensekirite jeneralize andan peyi a.

Pou sitwayen angaje sa yo, operasyon mouvman “Bwa Kale” a, se yon zouti “pare kou” ou “otodefans” pou bay bandi sal sa yo merite, yo ki tabli yon ensekirite jeneralize andan peyi a espesyalman nan divès Zòn metwpolitèn Pòtoprens ak nan Latibonit.

Pandan yo ankouraje tou moun ki onèt, ki pa nan konnivans ak gang, pou fè yon maryaj ak lapolis pou kraze e deloje rezo gang yo, yon fason pou tout aktivite yo rekomanse fonksyone jan sa te ye avan nan sosyete ayisyèn nan.

Toutfwa, popilasyon nan vil kou nan mòn dwe denonse bay lapolis ak lajistis chak fwa yo kwaze ak yon seri je enkoni sispèk swa sou wout yo ou byen nan zòn lakay. “Bwa Kale” se mèyè zouti pou fini ak gang san sal!

Comments are closed.