Medsen rezidan lopital Jeneral yo foule beton an, pou mande bon kondisyon travay

1,246

02-06-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLANd) Jodi lendi 06 fevriye 2023, Medsen rezidan Lopital Jeneral yo nan kapital la, foule beton an, pou mande bon jan tretman pou travay.

Daprè medsen yo, yap fonksyone nan yon lopital ki fè yon sèl ak fatra, yo pa menm bezwen pale de materyèl pou travay. Leta ap ba yo anviwon 400 goud pa jou, pandan tout bagay nan peyia tèt nèg. Yon lajan ki pa menm ka ba yo manje menm yon fwa pa jou.

Doktè protestè yo, lonje dwèt sou aktè politik ak otorite sangwen yo ki pa gen oken sousi pou sila yo ki pa gen zèl pou vole lè yo malad, pandan se sou tèt moun sa yo yap fè lajan.

Medsen yo ki te fè gwo bwi nan moman enstalasyon HCT, mande gouvènman defakto PHTK a, Ariel Henry ak Minis Sante a pou reponn ak egzijans yo. Nan Lopital Jeneral, moun pa sispann mouri an rezon karans laswenyaj ak materyèl pou reponn ak egzijans malad yo.

Medsen yo fè konnen yap toujou foule beton an pou salè mizè yap ba yo a, ak pou kontinye mande bon jan materyèl pou pou yon parèy travay ki se sove lavi moun.



Comments are closed.