Bandi anndan Vilaj Dedye bwile vif 2 jèn fanm sou akizasyon antènn toutè

1,280

05-25-2023

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Bandi sangwen ki genyen nan tèt li Izo 5 Segonn nan Vilaj Dedye, touye e bwile tou vif 2 jènn fanm jounen jedi 25 me 2023 a.

Sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans, konfime yon parèy dram nan, kote ke malfwa boul mikwòb yo ta dekouvwi video yo konn abitye pran e lage konfidansyèlman bay lòt moun.

Yo akize medam sa yo ki te toujou ap fè manje pou sangwen yo, kòm antènn toutè kap divilge sa kap pase anndan baz kriminèl la.

Comments are closed.