Gwo tansyon nan Dwàn Wanament : yon moun blese.

930

Chèf sekirite Dwàn Wanament lan blese, yon deblozaj ki lakòz anpil kout bal chante nan paraj Dwàn nan, jounen jedi 25 me 2023 a.

05-25-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Evènman yo ap miltipliye chak jou pi plis nan peyi Dayiti. Jounen jedi 25 me 2023 a, anpil kout bal chante nan lakou Dwàn Wanament lan, sa ki lakòz chèf sekirite enstitisyon leta ta blese nan moman katchouboumbe yo.

Enfòmasyon yo fè kwè, se yon chofè moto 3 wou yo ki ta lakòz gwo deblozay sa a fèt, pou tèt li ta refize peye yon frè rekòmande.

Gwo pale anpil, machwè gonfle anjandre boukantaj kout bal, yon sòlòkòtò ki ta pral blayi gwo kè kase ak tranble janm lakay abitan yo e menm rive paralize aktivite dwàn nan pou jounen jedi 25 me 2023 a.

Comments are closed.