Fantòm 509 pran lari san avètisman: 7 veyikil bwile atravè kapital la

259

09\16\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND)  San avètisman, group Fantòm 509 sekwe yon lòt fwa ankò plizyè kwen nan kapital avèk yon seri ensandi kankannen machen jodi mèkredi aprè midi 16 septanm 2020 an, notamman nan komen Delma ak Petyonvil.

Protestasyon bwit sou kou sa fè rezidan yo kouri sou tansyon e remèt lari a bay yon latriye endividi avèk inifòm polis sou yo, kagoule ak gro zàm. Zonbi yo mete barikad kawoutchou anflame e drese plizyè gro kamyon an bandoulyè tribò e babò patikilyèman nan zòn Delma ak Petyonvil.

“Zonbi 509” yo ki rekonèt ke yo mouri deja, te paralyze yon bon valè nan sikilasyon 2 komen yo. Yo reproche Fantòm yo dèske yo kreye gro panik ak kout zàm ki bay latroublay e mete dife nan yon machen nan Delma 48, 2 lòt machen nan Delma 17 ak Kafou Ayewopò; devan FAES la ki nan Delma 75, 2 lòt machen arive bwile san konte 2 lòt ki bwile ra pye tè nan Petyonvil.

Comments are closed.