Popilasyon Ti Gwàv fwape pye’l pou reklame liberasyon yon doktè kiben

2,762

01/19/2022

Ti Gwà______(TRiboLAND) Gwo van deblozaj melanje ak panik janboral soufle bònè jodi mèkredi 19 janvye 2022 a nan mitan komin Ti Gwàv, patikilyèman nan Ri La République kote ke barikàd kawoutchou tap bwile e ki te menm pwovoke blokaj sistematik sikilasyon an atravè wout nasyonal #2 a.

Enfòmasyon yo fè eta de yon leve kanpe popilasyon an ki te dechennen nan mande san kondisyon liberasyon doktè kiben ke sangwen Matisan te kidnape jedi 13 janvye pase, kote ke malandren kidnapè yo mande yon bagatèl 100,000 dola blan meriken an echanj liberasyon etranje ki tap sèvi malere malerèz ak ti gout swen medikal.

Konsa, pèp souvren te reyèlman sou bennzeng yo. Kamyon kanpe an bandoulyè, plizyè magazen ak bank komèsyàl te oblije  kouri desann  balistràd san konte yon pakèt lekòl ki ten aba panik ak tranble janm.

Nap raple yon parèy zak kidnapping santi kri okazyone yon bon valè doktè kiben oblije bay peyi Dayiti do.

Comments are closed.