Covid-19: Yon pakèt moun atravè lemonn akize Bill Gates kriminèl kont Limanite

0 418

Paj Instagram Bill Gates inonde avèk mesaj kap mande arestasyon li pou “krim kont limanite”.

(TRiboLAND) Plan Bill Gates la ki vize “Sove Limanite” avèk aparisyon yon vaksen obligatwa kont kowonaviris la; e sujere ke pèsònn moun pa ka genyen yon “vi nòmal” san yon “sètifika numerik” ki pou pwouve ke li te deja vaksine, soulve anpil anpil enpopilarite bò kote entènot yo.

Yon avalanche instagramè riposte kont Bill Gates, lòske yo te deside sanksyone tout sa li te poste avèk milye, milye e milye mesaj ki tradwi kòlè yo lòske yo tap mande l pou l sispann fè eksperimantasyon avèk sante “ti inosan” oubyen rete tann pou l jwenn akizasyon l pou “krim kont limanite”.

“Lajan pa ba ou oken dwa pou kont yon pèp. E yo dwe akize w de krim kont limanite”

Yon latriye itilizatè fè kòmantè tou dèske Bill Gates te oblije sispann sou paj li katafal kòmantè kritik sa yo.

Robert F. Kennedy Jr. te kritike tou fondatè Microsoft la pou plan li yo pou “kontwòl diktatè sou politik sante mondyàl la”, e “konviksyon mesyanik li bay tèt li pou sove lemonn ak teknoloji”.

Pou Bill Gates, vaksen yo se yon filantwopi estrateji ki ede anpil antrepwiz ralye ak vaksen yo (sa gen pou wè avèk anbisyon Microsoft pou kontwole yon antrepwiz vak ID mondyàl); se kout pwivye yon antrepwiz neo-enperyalis, dapwè sa Kennedy Jr. ekri.

Obsesyon Gates pou vaksen an sanble li ranfòse konviksyon mesyanik ke li bay tèt li pou sove monn lan avèk teknoloji e ak volonte divinn pou fè eksperimantasyon avèk vi moun ki enferyè.

Leave A Reply