Lopital jeneral notre dame Tigwav fè kolònn ak Medsen San Fontyè e leta ayisyen pou asiste sispèk dyare kolera yo.

1,175

02-08-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè lopital jeneral Notre Dame Tigwav la, doktè Fred Jasmin nan yon entèvyou li akòde ak laprès jodi mèkredi aprèmidi 8 fevriye 2023 a, anonse Medsen San Fontyè beljik an partenarya ak Leta ayisyen ede yo repare yon batiman epi bay lopital la materyèl ak medikaman pou bay swen ak moun ki sispèk nan dyare kolera a nan rejyon gwavyènn nan.

Direktè lopital la deklare, se chak jou bondye mete, lopital la ap resevwa ka sispèk dyare kolera a ki soti nan divès seksyon riral, san konte kèk zòn nan sant vil la, ki daprè li kolera toujou la.

Teknisyen medikal la, Fred Jasmin ki mande tout moun kap viv nan rejyon gwavyènn nan, ki ta santi yo sispèk dyare kolera a, yo kapab vin resevwa swen nan lopital jeneral Notre Dame Tigwav la.

Jasmin konseye popilasyon an, pou toujou respekte règ dijyèn yo : tankou pa bay lanmen, lave men nou ak savon, byen lave; tout sa nap mete nan bouch nou, bwè dlo trete, byen kwit tout manje nap manje, yon fason pou pa trape kolera a.

Nap raple, soti mwa oktòb 2022 pou rive fevriye 2023 a, genyen plis pase yon 10 zèn moun ki mouri sispèk nan kolera a, epi anviwon plizyè santèn lòt enfekte anba epidemi an, nan komin Tigwav.

JOICY Arnold

Comments are closed.