Lapolis mare yon prezime bandi ki tap pati nan pwogram Biden lan

824

04 – 04 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan Okap mare tankou krab Gladymir Joseph 38 lane nan èpòt entènasyonal la, jodi jedi 04 avril 2024 la. Daprè fòs lòd yo, Gladymir ki te aprouve nan pwogram Biden lan tap chèche kite peyia a ak otorizasyon vwayaj li san moun pa konnen.

Daprè fòs lòd yo toujou, Gladymir se 3è chèf gang Savyen an ki patisipe nan divès zak kriminèl nan Pòtoprens ak plizyè vil pwovens.

Gladymir anpil moun konnen sou non Dèsè pou konnya trouve-l nan gadavi an atandan pouswit yo fèt ak Lajistis.

Comments are closed.