Bandi kriminèl sangwen Gran Ravin yo atake katye Kafou Fèy, sa lakoz yon elèv mouri anba bal.

1,446

05-24-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon elèv mouri anba bal nan kad yon atak bandi sangwen ou kriminèl Gran Ravin yo fè sou popilasyon an nan katye Kafou Fèy jounen mèkredi 24 me 2023 a, selon plizyè lòt media anlyin.

Nan moman elèv la resevwa bal la, li mouri sou plas e yo pat menm gentan deplase po upran wout lopital; malerezman, kadav la pase plizyè èd tan ap benyen nan san ni, e li te difisil pou jij depè te pwosede ak konsta legal viktim nan.

Nap siyale, tout moun nan zòn Karidad, Foucha nan katye Kafou Fèy kouri kite kay yo anba bal bandi pou yo al pran refije yo nan lòt kote akòz atak malfwa yo nan Gran Ravin.

Comments are closed.