Elèv Lise Fosten Soulouk Tigwav, leve kanpe pou reklame jistis pou kamarad yo ki viktim.

872


05 – 24 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Elèv yo nan lise Fosten Soulouk Tigwav la, leve kanpe epi paralize aktivite eskolè yo jodi vandredi 24 me 2024 la, nan lide pou reklame jistis pou kamarad yo ki viktim kout pwen, kalòt anba men yon paran elèv fi nan etablisman enstitisyon an, akoz li estime mesye dam yo genyen relasyon santimantal.

Elèv lise Fosten Soulouk yo ki te move anpil, fè anpil bwi, yo lanse gwo pawòl piman bouk kont direksyon an, yo estime kap kale wès ak dosye a. Elèv yo mete papa demwazèl la an notaj yon fason pou fòse responsab yo nan lise a, pran jij depè pou vèbalize zak sitwayen an komèt sou kamarad yo. Yo pwofite mande jistis ak reparasyon pou kamarad yo ki viktim.

Yon lòt bò, elèv yo repwoche ajan sekirite yo ki nan baryè lise a, akoz yo kite nenpòt moun rantre nan lakou lise a, jan yo vle, lè yo vle al komèt aksyon malonèt. Etidyan yo mande direksyon an, pou jete yon koudèy estrik sou travay ajan sekirite yo nan lise Fosten Soulouk Tigwav.

Comments are closed.