4è anivèse PLANSPA branch Nòdwès: vizite ak distribisyon kit ijyenik nan prizon sivil Pòdpè

2,536

03/21/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal Pati Politik PLANSPA a nan Nòdwès, Mèt Erané Saint-Louis vizite epi pataje divès kit ijyenik tankou : savon, medikaman, kotèks e latriye nan prizon sivil Pòdpè a nan okazyon selebrasyon 4e lane egzistans yo, jounen samdi 19 Mas 2022 a.

Nan sans sa a, yon mès pou di gran mèt la mèsi te rive dewoule byen bonè nan maten nan katedral pòdpè a, kote divès patizan ak senpatizan pati a te reponn prezan.

Nouvo direktè OAVCT a, mèt Erané Saint-Louis ki li menm, preyokipe sou sityasyon difisil prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, fè konnen pati politik lap kowòdone a, pral batay ak ti sa yo genyen yon mannyè pou rive amelyore sityasyon prizonye yo nan prizon sivil sila.

Yon lòt bò, Mèt Erané Saint-Louis, fè apèl ak komisè gouvènman an, Mèt Michelet Virgile epi dwayen tribinal sivil Pòdpè a, Mèt Yves Marie Périclès pou debleye sityasyon prizon an paske prizonye yo vrèman vrèman alagoni.

Pou fini,nan kad vizit si la, kòdonatè PLANSPA a te resevwa divès doleyans nan divès papye e pwomèt yon solisyon apwopriye.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.