Lapolis dekonsè ak lajistis fèmen tout ponp gazolin yo nan Tigwav.

903

05-23-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak lajistis fèmen 4 ponp gazolin nan vil Tigwav jounen madi 23 me 2023 a, akòz pwopriyetè yo pa respekte pri leta fikse pou yo vann galon gaz la nan ponp yo.

Otorite yo nan Tigwav detèmine pou gaz la vann nan pri leta fikse galon an.

Antretan, chofè taksi yo move kou kong fas ak desizyon sa a, otorite yo pran pou fèmen ponp yo akoz pwopriyetè yo pa respekte pri leta fikse pou vann galon gaz la.

Chofè ki kanpe anfas desizyon sa a, leve vwa yo byen wo pou fè konnen yo pa genyen okenn pwoblèm ak pwopriyetè ponp yo ki deside vann galon gaz la ak 700 goud nan ponp olye yo al pran ni atè pou 1000 goud nan mache nwa.

Konsomatè yo mande otorite yo nan lapolis ak lajistis la pou ouvè ponp yo prese- prese, yon fason pou yo jwen gaz pou yo boske lavi yo nan yon peyi ki deja pa genyen travay, ki daprè se gaz la pou brase pou kapab pote kichoy lakay.

Comments are closed.