Ansyen polisye, kouzen chèf gang Vitelhomme Innocent, jwen arestasyon li nan Lagonav.

925

03-11-2023

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon anons ke li mete deyò jounen vandredi 10 mas 2023 a, Lapolis Nasyonal la anonse arestasyon polisye Micioni Pradel Innocent nan Lagonav pou aktivite reselèz ak gang.

Micioni Pradel Innocent, ki se yon ajan ki tap feraye nan  kò entèvansyon pou mete lod (CIMO), se kouzen gro tonton chèf gang gro seri, Vitelhomme Innocent. Li te tounen yon pijon vwayajè, fè mawonaj aprè li te dezète swit ak rechèch DCPJ ki te pandye sou tèt li.M

Mesye Innocent ap genyen pou transfere al jwenn DCPJ pou odisyon. Atouka, arestasyon polisye CIMO a, li antre nan kad ranfòseman operasyon Tonarde PNH la pou kontinye efase asosyason kriminèl ki genyen nan tèt Vitelhomme Innocent.

Comments are closed.