Inogirasyon : Yon jeneratè oksijèn inogire nan lopital HNDP nan Jan Rabèl.

2,233

Yon jeneratè oksijèn rive inogire nan lopital Notre Dame de la Paix nan komin Jan Rabèl.

07-11-2022

Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan prezans divès otorite ak antite tankou : direktè depatmantal sante piblik la,Tony Monestime, reprezantan USAID a, Andréa Halverson, reprezantan FHI 360 lan, Dr Jean Marseille, direktè medikal lopital Notre Dame de la Paix nan Jan Rabèl la, Canton Wilsos, ak Konsèy egzekitif enterimè komin Jan Rabèl la, yon delegasyon ki sòti nan Pòtopwens inogire jounen lendi 11 jiyè 2022 a, yon jeneratè oksijèn.

Direktè medikal lopital Jan Rabèl la nan moman seremoni an, bat bwavo lakontantman pou enstalasyon jeneratè sila e tou pwofite fè konnen nan ki nivo yo trete 4 komin Ba Nòdwès yo an paran pov, patikilyèman nan domèn sante, ki se yon dwa fondamantal.

Yon lòt bò, direktè depatmantal sante piblik branch Nòdwès la, nan moman seremoni an remèsye patnè MSPP yo, ak gouvènman defakto Ariel Henry a, pou volonte ke yo genyen lè yo deside fè komin Jan Rabèl yon don ki reyèlman gen figi; don yon jeneratè oksijèn ki parèt kòm yon sovè pou vin delivre popilasyon an nan komin Jan Rabèl, daprè direktè depatmantal la ki tap depoze.

Sepandan, kèk moun TRiboLAND te bay entèvyou ap poze kesyon pou konnen, èske popilasyon an nan Ba Nòdwès pral konnen yon soulajman nan zafè oksijèn? Anpil deklare, yap veye anwo yap veye anba, pou sak te pase nan vèy la pa pase nan antèman an.

Genyen yon seri ka, kote ki genyen jeneratè oksijèn, responsab raketè pa ezite chaje konbyen magogo pou yon ti lòsyè oksijèn. Nap raple, gen malad ki mouri deja pou oksijèn nan depatman Nòdwès la akoz lajan ke responsab medikal yo te egzije yo pou yon parèy prodwi ki vital.

Li enpòtan pou nou note ke yon bon valè nan finansman yon parèy projè genyen pou wè avèk efò peyi Etazini atravè USAID.



Comments are closed.