Sektè anseyan an nan Nòdwès konte aplike l alalèt grèv anseyan yo atravè peyi a aprè Fèt Pak la

370

04/02/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Sektè anseyan an nan Nòdwès, pare l pou l aplike alalèt modòd grèv ansanm ak sendika anseyan yo tankou: UNNOH,RENEDH, REFERANS, CORPS-ROMIS, FEHEE, FÒS e latriye te lanse atravè peyi a jou ki te 17 màs 2021 an.

Nan yon rankont ak laprès jounen vandredi 2 avril 2021 an, kowòdonatè RENEDH a Rezo Nasyonal Anseyan Dayiti (RENEDH) , Msye Bernilio Ermilus deklare apati lendi 5 avril 2021 an, tout anseyan yo nan depatman Nòdwès la, ap aplike alalèt modòd grèv sila a. Objektif la se pou egzije Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, reponn ak ansanm revandikasyon sa yo:
a. Nonmen tout anseyan ki nan sal klas yo.
b.Yon kat debi 30.000 goud pou chak anseyan ki pa negosyab paske tout fonksyonè nan Leta a gen yon katdebi, sòf anseyan yo.
c. Pèyman total san manke yon goud nan tout aryere salè yo. Se pa yon kado. Noumenm anseyan, nou redi anpil pou sa.
d. Regilarizasyon tout anseyan ki nome anndan sistèm edikatif ayisyen an.
e. Bay tout anseyan yon salè debaz ki avalye a 75.000 g
f. Peye tout pwofesè ki te anboche nan pwogràm PSUGO ak PRONEC lajan yo paske anseyan sa yo pa touche kòb saa depi 3 lane.
g. Mete kantin eskolè, kafeterya, bibliyotèk anndan lekòl yo pou timoun paske okenn timoun, sitou nan peyi Dayiti, pa kapab aprann san manje.
h. Revize griy salaryàl la paske se pwofesè yo ki fòme ni prezidan, senatè, depite, majistra e latriye. Yo pa kapab ap touche yon kòb ki pa kapab pran swen fanmi yo kòm sadwa.

Menm jan ak rès sendika anseyan yo atravè payi a, si minis Agénor Cadet pa reponn ak ansanm revandikasyon sa yo sanpèditan, grèv la pral pran yon lòt oryantasyon. Sonje, “chen grangou pa jwe” daprè kowòdonatè RENEDH la pou rejyon Nòdwès la, msye Bernilio Ermilus ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.



Saint Jean Wiskis

Comments are closed.