Group gang “5 segonn” nan Village de Dieu batize Direktè Jeneral Polis la ak yon premye echèk e repouse fòs polis la pou yon ièm fwa

243

Dan pouri gen fòs sou banann mi!

12\04\20

Pòtprens____(TRiboLAND) Byen bonè maten vandrdi 4 desanm 2020 an, anpil moun nan sosyete ayisyèn nan te gentan ap bat bravo pou sa ki te lèse moun konpran ke yon evantyèl operasyon baton gayak PNH nan Village de Dieu t’ap byen pase avèk anpil satisfaksyon. Sepandan, sa anpil moun pat konnen, ke se te nad marinad e done ki te vinn parèt aprè yo sou rezo sosyàl yo te pote demanti fòmèl kont yon seri istwa pwopangandis tankou, nèg pran lanmè pou yo,” daprè yon seri enfòmasyon ki pèdi eskanp figi yo nan fè buzz!

Antouka, entèvansyon chèf gang sangwen “5 segonn” nan ki pote non “Izo” e ki se youn nan chèf gang ke PM Joseph Jouthe te konfime ke li konn pale sou telefònn avèl, ta pràl pote pandan bout jounen an yon demanti fòmèl sou entèvansyon ajan PNH yo ke li kalifye echèk. Dayè, chèf bandi a deklare,“Nou te senpleman di yo bonjou e yo te gentan pran lyann ak kase tèt tounen”, daprè swa dizan chèf gang Izo ki tap depoze e ki pat sispan montre atravè yon video evidans yon dronn ke troup “5 segonn” nan te arive dansan.

Izo reproche yon medya nan kapital la kòm kwa yo te fè pati yon parèy konplo ki te vize pou vinn touye moun nan Village de Dieu. Ki donk, chèf gang sangwen an ki konfime ke li pa genyen swa dizan sòlda ki tonbe si non ke 3 ti bebe ak yon pèsonaj ki mouri toufe anba gaz lakrimojèn. Genyen kèk medya ki fè eta de 2 polisye ki ta blese nan yon operasyon pyèt, mal òganize, malmakak profesyonèl, detachman demode ak avètisman yon show cowboy ke PM Joseph Jouthe te deja anonse bandi yo.

Se yon premye echèk pou nouvo Alatèt Polis Nasyonal la, Léon Charles e yon ièm “leve kouri” pou yon polis dan pouri ki senpleman gen fòs sou banann mi lè gen mafestasyon. Elas! Ajan lòd yo pa krè ke “se kanpe batay li ye tonton.”

Comments are closed.