Nòdwès / Enfrastrikti : travay yo toujou poko ka demare sou tronson wout Pòdpè – Ansafolè a

3,550

06-04-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Sa fè plis pase 1 lane, depi projè pou fè wout Pòdpè – Ansafolè a lanse. Se av`ek anpil mekontantman popilasyon Nòdwès la ap konstate sispansyon yon parèy projè. Travay yo vrèman pa fè yon pa kita akoz difikilte ki genyen nan zafè ekspropryasyon an. Yon projè ki evalye a 15 000 000 dola ki jwen benediksyon finansyè BID.

Pòdpè – Ansafolè ki estime 27.5 km, gen 4 nan 27.5 ki kòrèk e gen 23.5 km ki mande pou ekspropye moun sou wout la, swa ki gen kay, yon pye bwa ou ki tap regle yon bagay kèlkonk. Jis konnya, zafè ekspropryasyon an, se youn nan pi gwo problèm projè sa, paske lè BID ap finanse yon projè, li toujou fè egzijans sa. Daprè Ing Pierre D. Lovens, ki se nouvo Direktè projè a, gen sèlman 6 km sou 23 ki sanse fin eksproprye, yon kantite chèk deja disponib pou peye moun sa yo.


Difikilte ki genyen pou avanse ak kesyon ekspropryasyon an, sè ke, anpil moun sou tè yo pa gen papye, gen moun kap jere tè pou moun ki pa gen kalite pou avanse nan dosye yo, gen anpil kap kreye problem e fè mèt dam. Se yon sitiyasyon ki ralenti kous projè enfrastrikti e rann li pi konplike nan yon moman Nòdwès pa ka tann ankò.

Se konsa, Direktè projè a mande sipò otorite lokal yo (majistra ak Kazèk yo) moun ki nan Sosyete Sivil la ak tout moun ki gen yon kay, yon pye bwa, yon biznis elatriye sou wout la, pou yo kolabore yon fason pou projè a kapab avanse.

Hodner Fanuance

Comments are closed.