Abitan kap viv nan Laplèn deside òganize yon mach pasifik pou di non ak ensekirite.

2,978

Laplèn, Kwa Dèboukè____(TRiboLAND) Abitan kap viv nan Laplèn, depatman Lwès peyi Dayiti, deside òganize yon kokennchenn mach pasifik nan dat 6 me 2022 a, nan lide pou di non ak ensekirite a kap ekstèmine kretyen vivan yo nan rejyon an. Konsa, yo estime twòp moun mouri ak kout zam, kout kouto, machèt, koulin epi rach.

Depi kèk mwa, abitan kap viv nan zòn Laplèn nan ap viv anba gro laperè jeneralize. Kidonk san somèy anba gro detonasyon kout zam akoz 2 group gang sangwen tankou: 400 mawozo ak Chen mechan kap troke kòn yo e lakòz timoun, jèn kou granmoun pèdi vi yo san konte sa yo ki chape poul yo masivman e kite tout sa yo posede dèyè.

Fas ak yon sityasyon teworis, abitan yo fè konnen yo fatige epi bouke. Konsa, yo deside sèt fwasi al mande gouvènman gang Ariel Henry a, èske timoun yo pa gen dwa jwenn chans pou al chita sou ban lekòl? Èske yo pa gen dwa ak lavi e lapè? Èske peyi Dayiti pa pou ayisyèn ak ayisyen ankò?

Nan sans sa a, oganizatè mach sila ap tann tout moun ak mayo blan, bò wonpwen Bon Repo a demen vandredi 6 me 2022 a, byen bonè vè 9h, pou al bout nan kafou Lizon.

Pou mete fen ak gwo mach pasifik sila, se nan komisarya Bon- Repo a manifestan yo konte lanse gwo mesaj piman bouk yo kont LETA vwayou ou kanibal santi kri a.

Comments are closed.