Gonaiv leve anba gwo tansyon ak malmakak politik

2,876

Gonaiv______(TRiboLAND) Tansyon ap pran jarèt nan yon Gonaiv ki leve an malmakak jodi mèkredi 29 desanm 2021 an pandan ke otorite yo ap pwepare pou komemore 218 rekòt endepandans peyi Dayiti.

Apwè ke endividi ame te krible anba bal yon chapantye ( Jean Élie Saintélis) ki tap travay nan yon stand ofisyèl nan kad pweparasyon komemorasyon endepandans peyi Dayiti, vil Gonaiv, site endepandans lan leve anba yon rakle kou zàm enpresiv, zòn komèsyàl yo nan vil la tap fè fas ak gwo panik ak barikad anflame ki okazyone bank komèsyàl yo fèmen pòt yo bwit sou kou.

Anplis de sa, sitwàyen ou machan nan mache piblik la tap eseye kouri lage pye yo anba menas ak bwitalite endividi ame san fwà ni lwà ki te fè yo degèpi, dapwè sa ki arive jwen TRiboLAND.

Se yon mouvman asidik ki genyen anpwent yon seri militan politik fawouch nan katye Raboto ki pa danse kole ak visit PM Ariel Henry nan site Endepandans lan pou pwemye janvye 2022 nan okazyon 218 rekòt depi Ayiti te libere tèt li.

Comments are closed.