nouvo depute demokrat haytiano-amerikèn pou Washington DC : Sheila Cherfilus-McCormick

3,162

01/11/20

Lou Evans Arne

Demokrat Haytiano-Ameriken Sheila Cherfilus-McCormick ranpòte eleksyon an ki sot fet nan Distri 20 nan Eta Florid jodi madi a, li vin pi nouvo manm Kongrè Ameriken an nan peyi Eta Zini.

Ak viktwa li nan eleksyon jeneral espesyal sa jounen Madi a, Sheila Cherfilus-McCormick fè listwa. Li vin premye Demokrat Haytiano-Ameriken ki eli nan Kongrè peyi Eta Zini, nan 20yèm Distri a, ki komanse apati nan vil Miramar nan Sidwès Konte Broward rive nan vil Riviera Beach nan Nòdès Konte Palm Beach, gen ladan pi fò nan kominote Afriken-Ameriken ak Karayibeyen-Ameriken yo nan tou 2 Konte sa yo.

Lòt kandida yo se te : Repibliken Jason Mariner, Libèrtèryen Mike ter Maat ak 2 pati Non Afilyasyon / kandida Endepandan, Jim Flynn ak Leonard Serratore ke tou 2 se blan.

Sheila Cherfilus-McCormick te kenbe yon avans enfranchisab Madi aswè a sou kat lòt kandida yo nan eleksyon espesyal sa nan 20tyèm Distri a pou Konte Broward ak Palm Beach. Li pral ranpli pòs vid ki te genyen akoz lanmò Depite (Congressman) Alcee Hastings 75 zan nan dat 6 avril 2021 pase a akoz maladi Kanse Pankreyas.

Li te genyen nan primè ki te fet e ki gen anpil kandida nan mwa Novanm pase a, ke li te ranpòte ak senk (5) vòt sèlman, sou an fas Konseye (konte) Broward County a, Dale Holness.

Sheila Cherfilus-McCormick ap ale nan yon Washington, D.C. kom Depite eli nan yon moman ki polarize politikman, ki pare pou vote pou plan Build Back Better Prezidan Joe Biden lan, ki bloke.

Cherfilus-McCormick, 42 zan, se CEO nan yon konpayi Swen La Sante epi li te kouri sou yon platfòm ki defann pou Asirans Medicare pou tout moun, Salè minimòm $20 pa èdtan travay ak Refòm imigrasyon. Li se yon chanpyon nan priyorite pwogresis, aksyon federal pou pwoteje dwa vòt, refòm konplè imigrasyon, ak yon fen nan sa anpil moun konsidere kòm tretman diskriminatwa pa gouvènman ameriken an nan direksyon pou imigran Haytien.

Pwoblèm ak siyati li a, ki se : “People’s Prosperity Plan” (Plan Pwosperite Pèp la) ki mande $1,000 pa mwa kom Sibvansyon Gouvenman Federal pou tout gran moun ki touche mwens pase $75,000 pa ane nan travay yo, malgre tou gen moun ki gen dout sou plan sa a ki ka lakoz anpil moun gen dwa pa vle al travay.

Nou swete Bon Chans a nouvo Depite Demokrat Haytiano-Ameriken Sheila Cherfilus-McCormick nan Washington DC

Comments are closed.