Mèt André Jeune denonse konpòtman revandè yo nan site Kapwa Lamò a, epi plede anfavè fiksasyon pri machandiz yo.

176
0
Share:
TRiboLAND

Dola ameriken an ap pase desann, pwodui premyè nesesite yo ap kandale monte, se konsta Mèt André Jeune, yon sitwayen angaje nan vil Pòdpè.

05-22-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou akòde TRiboLAND, jounen lendi 22 me 2023 a, sitwayen angaje André Jeune kap viv nan antre mache Fè vil Pòdpè a, denonse konplo kap fèt pou retire dola ameriken an nan men ti malere yo alòske pri pwodui premyè nesesite yo pa janm desann.

Pou André Jeune, dola a desann plat swa 28.5, alòske ti sak diri 5000 G, sak farin 5000G, galon lwil tèt nèg san konte pri divès lòt pwodwi yo ki kontinye ap grenpe mòn.

Plede anfavè yon amelyorasyon, André Jeune mande ak direksyon depatmantal afè sosyal branch Nòdwès la nan tèt kole ak pakè Pòdpè a, fè yon entèvansyon nan mache yo ak nan depo yo, yon mannyè pou pouswiv kriminèl kap jwe nan pri prodwi premye nesesite yo ki pa sispann moute balkon.

Share:

Leave a reply